top of page
  • Black Facebook Icon
  • Black Instagram Icon
  • Black Pinterest Icon
  • Black Twitter Icon

Kòman m kapab mennen on vi san diskisyon ak patnè m pandan peryòd konfinnman ?

  • femmehaitienneauchili
  • 28 mar 2020
  • 2 min de lectura



Viv an koup pa on bagay ki fasil, sitou pou peryòd konfinnman kote ke nou 2 a nan on kay nou paka soti e n pa konn pou konbyen tan nou la. Nan ka sa, gen anpil chans pou gen ti moman de diskisyon, angwas oubyen nou santi nou nwi. Men ak anpil lanmou, konpreansyon e volonte nou kapab arive evite jan de moman sa yo.


Men kèk konsèy ki kapab evite n nan kont pandan peryòd konfinnman:


1-Pataje tach jounalye yo


Fè travay nan kay: Lave, pase, fè manje elatriye...Se seri de bagay ki kapab rann on moun strese e menm fè l gen on konpòtman etranj kote ke li parèt fache san ke li pa vrèman gen on rezon. Donk pou evite jan de tansyon sa yo nan koup la ede patnè w la a reponn a travay jounalye yo. E si patnè w la pa ta ofri èd li, pa ezite mande l li !


2-Kreye tan de kalite pou nou


Gen nan nou malgre moman konfinnman an nou kontinye ap travay lakay nou san bliye tach menajè nou gen pou n fè yo ki vinn bay o final fatig. Men sa pa on rezon pou n evite bay youn lòt ti tan, kote ke nou kapab gad on fim ansanm, jwe on ti kat, bay blag oubyen pwofite tan pou n pale de pwojè nou paske kominikasyon nan on koup ede a evite konfizyon e mezantant. An menm tan, pa bliye fè posib pou n itlize telefòn mwens ke nou kapab pou evite chak moun ret nan kwen pa yo.


3-Jere bèl ou


Evite rete an pyjama pandan tout jounen an. Eseye wè si w ta kenbe menm woutinn ou te gen avan konfinnman; tankou itilize alam pouw leve, pran swen kò w, abiye, prepare manje maten w elatriye...Sa ap pemet ou rete sedwizan e bèl nan je patnè w la e an menm tan tou jounen w ap pase pi rapid.


Pa bliye, konfinnman pa vakans. Rete lakay nou aplike règ prevansyon yo e toujou rete enfome n pandan nap evite tout diskisyon pandan peryod sa!


Femme Haitienne au Chili

FHC

 
 
 

Comentarios


Gracias por enviar!

  • Black Facebook Icon
  • Black Instagram Icon
  • Black Pinterest Icon
  • Black Twitter Icon

© 2023 by Bump & Beyond. Proudly created with Wix.com

bottom of page