5 FIM POU W GADE PANDAN WIKENN NAN !
- femmehaitienneauchili
- 10 abr 2020
- 2 min de lectura

Ou ta renmen gade yon fim pandan wikenn nan men ou pa konn ki fim ekzakteman pou w ta gade ? Ebyen men kèk fim ki trè enteresan pou w gade e kap fè w ri anpil!
1-GIRLS TRIP

Kat bon zanmi, yo konnen yo plis sou nom "Flossy Posse", yo te vinn ap viv apa pandan kèk ane. Men, lè youn nan zanmi yo vinn jwenn yon opòtinite pou patisipe nan pi gwo Festival Mizik ki tap fèt nan Nouvo Oleyan antanke moderatèz, li deside ale ansanm ak 3 lòt zanmi li yo e vire travay li an yon vwayaj ant zanmi. Yo pwofite de vakans lan pou tout peryòd ke yo pat janm wè yo.
NB: N ap jwenn fim sa an espanyòl sou tit " PLAN DE CHICAS" oubyen "VIAJE DE CHICAS"
2-BRIDESMAIDS

Annie se on jenn fanm selibatè ak on vi an dezòd san travay, men lè l aprann pi bon zanmi li an, Lillian, pral marye li deside ofri tèt li kò m demwazèl donè. Li tèlman vle ke tout bagay pafè nan maryaj la li menm vle chanje tout bagay ke la marye a vle pou l vini a nouvote ki pral kreye konfli ant li menm, Lillian e lòt demwazèl donè yo.
NB: N ap jwenn fim sa an fransè tou sou tit "MES MEILLEURES AMIES" oubyen "DEMOISELLES D'HONNEUR AU QUEBEC" e an espanyòl "LA BODA DE MI MEJOR AMIGA".
3-27 DRESSES

Apre ke Jane finn patisipe 27 fwa nan maryaj antanke demwazèl donè e ede moun tou a planifye seremoni maryaj yo, Jane choke lè ti sè li a anonse li angajman l pou l marye ak neg ke li renmen anpil lan li menm.
NB: N ap jwenn fim sa an fransè sou tit "27 ROBES"oubyen an espanyòl "27 VESTIDOS"
4-THE OTHER WOMEN

Carly, mennaj Mak la, choke lè li aprann ke Mak marye. Li rankontre madanm Mak la, Kate, epi yo vin bon zanmi. Sepandan, Kate dekouvri ke Mark gen on lòt mennaj ki rele Amber.
NB: N ap jwenn fim sa an fransè sou tit" TRIPLE ALLIANCE" oubyen "L'AUTRE FEMME" e an espanyòl "NO HAY DOS SIN TRES".
5-NOBODY'S FOOL

Apre Tanya soti nan prizon an, li reyalize ke sè l la gen on mennaj a distans sou entènèt. Tanya we mennaj la two pafè pou fason sè a dekri l la, li chwazi envestige sou li.
NB: N ap jwenn fim sa an fransè sou tit " PAS SI FOLLE"oubyen an espanyòl "DE TONTA, NADA"
Le w finn gade fim yo, pa bliye kite on komantè pou di nou ki fim ou te pi renmen!
Femme Haitienne au Chili
FHC




Comentarios