4 seri ki kapab ede w a gen konfyans nan tèt ou antanke fanm!
- femmehaitienneauchili
- 14 abr 2020
- 2 min de lectura

Se vre nou an konfinman men se pa on rezon pou nou pa nouri rèv nou, dezi nou e kite strès anvayi nou . Profite de moman sa pou w kapab travay sou tèt ou e vinn moun ou vle ye an !
Men kèk seri ki trè enteresan e an menm tan k ap enstwi w antanke fanm pou kreye konfyans nan tèt ou:
1- THE GOOD WIFE

Netflix ban nou opòtinite pou wè 7 sezon nan seri sa. Se istwa Alicia Florrick ki marye ak youn nan pi gwo avoka nan Chicago. Apre enfidelite piblik mari l, li deside reprann metye li antanke avokat. Li chwazi kòmanse depi anba nan nechèl la piti piti jiskaske l grenpe rive etap ki mennen nan pouvwa ak siksè a. Se yon seri ki di anpil sou detèminasyon yon fanm ki vize pou kontantman pèsonèl ak pwofesyonèl li.
Nb: N ap jwenn seri sa an espanyòl sou nom "La esposa ejemplar oubyen an fransè "Une femme exemplaire".
2-SCANDAL

Lavi pwofesyonèl ak pèsonèl yon ekspè nan relasyon piblik, Olivia Pope, patikilyèman renome pou jesyon kriz e ki menm travay pou mezon blanch. Kabinè Olivia konpoze de avoka ekspè ki gen eksperyans nan dosye litij, yon detektif ak yon pyrat. Se yon fanm ki pa janm dakò pèdi pwosè e ki toujou fè tout posib li pou l pote viktwa.
3-DEAR WHITE PEOPLE

Seri sa a pale de Samantha White, yon elèv Afriken-Ameriken ki soti nan Inivèsite Winchester. Eroyin lan se animatè yon pwogram radyo ki rele:"Dear white people" ki vle di an kreyòl "Chè Moun blan", ki la pou denonse inegalite rasyal. Jèn fi sa a ap vin lidè yon mouvman sosyal ki gen pou objektif kreye konpreyansyon ak respè nan mitan tout elèv yo. Li se yon seri sou respè, konpreyansyon ak akseptasyon nan diferans. Li ap aprann ou ke silans pa pote chanjman, si w vle chanjman ou pa dwe pè pale depi sa wap di a ou konnen li vrè.
Nb:N ap jwenn seri sa an fransè sou nom" Moutons blancs" oubyen an espanyòl "Queridos blancos".
4- How to get away with murder

Yon seri ki pa pral kite ou endiferan, paske l ap kenbe w depi nan kòmansman pou jis li fini. Se istwa Annalise Keating ki se yon avokat e pwofesè inivèsite dwa. Seri sa a di nou sou plizye fason e mwayen Annalise ak elèv li yo fè pou kapab defann kliyan yo. Fanm sa arive fè pi fò kliyan l soti inosan premyèman ak pawòl li epi li arive marye yo ak rechech apwonfondi l fè sou dosye a e konesans sou domèn dwa jiridik.
On fanm ki kwè nan tèt li se on fanm ki gen kapasite pou l transfòme tout problèm ki prezante devan l an opòtinite pou mennen l a siksè!
Femme Haitienne au Chili
FHC




Comentarios