5 bagay ou kapab fe pandan w nan karantèn kowona viris la
- femmehaitienneauchili
- 25 mar 2020
- 2 min de lectura
Actualizado: 25 mar 2020

Karantèn pi souvan se youn nan moman ki toujou kite moun ki sibi l yo ak esperyans sikolojik negatif paske non selman li modifye mod de vi w, men tou li separe w de moun ki che a ou tankou fanmi, zanmi e koleg de travay. E an plis ou manke libete pou fe on seri de bagay. ki te paret nomal pou ou avan.
Men 5 bagay ou kapab pwofite fe lakay ou pandan ou an karantèn nan:
1-PWOFITE FE ON GWO NETWAYAJ

Fredi a pral rantre, sa w panse de on netwayaj an pwofondè? Dezankonbre kay la, debarase w de tout bagay ke w jije initil. Chanje kek meb plas, kite kreyativite w travay ak touch pesonel ou ! Itilize aspirate si w genyen e pa bliye itilize kach nen. Chanje rido , mete koulè ke w santi lide w di w la .Ko m nou nan moman pandemi toujou sonje itilize kloroks ou oubyen alkol pou dezenfekte meb yo.
2-PASE TAN DE KALITE A FANMI W

Responsabilite ak aktivite jounalye konn pa ba nou ase de tan pou n kreye lwazi oubyen pase on bon moman a fanmi nou. Pandan karantèn sa, pwofite bay fanmi w plis atansyon, si w gen timoun aprann yo nouvo jwet . Gad on fim lakay nou ke n te gen anvi gade byen lontan. Aprann a konnen youn lot pi plis , kreye dyalog.
3-LI ON LIV

Ki denye liv ou li? Konbyen tan sa gen depi w te li on liv? Youn nan pi bon mwayen ki kapab pemet ou grandi e aprann nouvo bagay se nan fe lekti. Li pemet ou anrichi konesans ou e pote valè nan moun ou ye an. Pwofite de moman an pou kapab fe on ti lekti, ke li se on liv de motivasyon, kizinn, ou byen biblik sa ki enpotan se ke ou retwouve w ladann e m si wap aprann on nouvo bagay. Pa bliye si w pa gen liv ou ta renmen li an lakay ou ou kapab toujou eseye cheche l sou intenet la pa PDF!
4-CHECHE APRANN NOUVO ESTRATEJI POU BIZNIS

Si w se on moun ki gen lanmou pou antreprenarya, ou gen biznis ou oubyen ou toujou reve pou w gen on biznis , ebyen se bon moman pou w itilize entenet la pou kapab aprann kek nouvo estrateji pou pemet ou lanse biznis ou ou byen pou w kapab agrandi l si w genyen deja. Le w gen biznis ou, li pemet ou otonom e endepandan, ou chef tet ou e ou gen plis tan pou tet ou!
5-FE SPO

Spo se youn nan mwayen ki pemet ou relakse w e ede w a rete an bon sante. An pasan, ou gen lontan depi w anvi pedi pwa, diminye gres epi miskle w, pa vre ? sann pa bliye jere ti vant plat la tou ke n ap reve depi kek mwa ... Ebyen pwofite fe spo , kreye on ti tan nan jounen w pou w kapab fe l, ou pap regret! Epi pa bliye akonpanye l a mizik ...
Femme Haitienne au Chili
FHC




Comentarios